Skip to Main Content

Rendez-vous Haïtien
Sunday September 2nd, 2012 with Jafrikayiti
Premye Drapo Ayisyen an te Nwa e Wouj?

Nan emisyon sa a Jafrikayiti pataje moso chita pale fouyado Bayyinah Belot te fè ak emisyon Lakou New-York osijè drapo Ayisyen an. Lanmoukaji esplike ki jan retounen lekol la te ye nan Kanada epi ki jan li wè diferans ak elèv lekol li te rankontre ann Ayiti pandan mwa jiyè 2012 la. Refleksyon sou sasinay kriminèl sou moto fè sou plizyè Ayisyen nan semenn ki sot pase a, pami viktim yo gen yon pwofesè Inivèsite Potoprens ki te rele Serge Bernard.
Angélica ak et si enfin
Mizik Mizik - De ger New
Edike
Lataye - Edike New
Haiti
Frères Déjean - Déjean New
Pa ri nan malè m
Belot - Référence New
Bayyinah Belot osijè drapo
Lakou New-York - 2012 compilation New
Interactive CKCU
Jean Saint-Vil (host)
Pwofesè Bayyinah Belot di rechèch li montre premye drapo a te Nwa e Wouj. Oumenm ki sa ou di nan koze sa a?

10:56 PM, September 2nd, 2012
Hugues
Si se drapo rouj Desalin te enpoze an 1805-lan ki premye drapo-nou, anba ki banye nou te fe Vertye? Ki drapo ki te flote sou Plas Dam Gonayiv 1mye janvye 1804, jou nou te deklare nou granmoun-nan??? Eske sa vle di ant 1804 e 1805 nou pat gen drapo?? ELE KEKE, PEPE!!

11:24 PM, September 2nd, 2012
Jean Saint-Vil (host)
Onè Hugues, sa Bayyinah esplike, ki malerezman pa nan segman mwen jwe nan emisyon aswè a, depi nan Mewot (akayè) se Nwa e Wouj yo te chwazi kom koulè drapo a. Li di li jwenn dokiman nan peyi Angletè ki montre kijan Catherine Flon te bay rapo yon komisyon ki te responsab travay sou kesyon an. Kidonk, se ta apre sasinay Lanperè, lè yo fè Repiblik Pétion an, ble e wouj lan parèt. Bayyinay Belot di Dessalines te dechire ni pati blan an, ni pati wouj la nan drapo a. Ou ka tande tout chita pale a, nan adrès sa a: http://www.ezilidanto.com/zili/wp-content/uploads/2012/05/Bayyinah.mp3

11:32 PM, September 2nd, 2012
Jean Saint-Vil (host)
Ou ka tyeke vèsyon orijinal la tou sou paj lakounew-york http://www.lakounewyork.com/lakounewyork051812.mp3

11:33 PM, September 2nd, 2012
Hugues
Jean, mesi anpil! Ou gen yon mwayen mwen ka kontakte Bayyinay direktemam? Mwen santi ke mwen pwal gen anpil kesyon sou sous ke li site-ya!

11:42 PM, September 2nd, 2012
Hugues
Mwen tande Bayyinay, e mwen retande-l. Li pa konvenk-mwen. Li kontredi tet-li ant sa li di Desalin te fe ak sa li di ke Catherine Flon te di. Mwen swete Manmzel Bayyinay bay plis detay sou dokiman li di li jwenn ann Anglete-ya. Mesi anpil!

1:37 AM, September 3rd, 2012
jafrikayiti
Ou ka kominike ak Pwofesè Bello atravè FONDASYON FELICITEE ki ap prepare yon gwo aktivite pou fèt Dessalines 20 septanm k ap vini an. Kontakte FF: hetherou6@gmail.com oswa telefon: (509) 29 40 08 69.

11:14 AM, September 3rd, 2012
Negus, Jah Wisbert zemes
je pense que les Congos Lamour derance optait et avait donné un sens au drapeau Noir et Rouge. quand Dessalines fini par comprendre, il insisté et opter pour le noir et rouge... Christophe connaissait aussi son importance. un jour le noir et rouge flottera a nouveau sur l'île d'Haiti... Un bémole* Petion et Boyer n'ont jamais caché leur amour pour la France et leur mépris pour l'Afrique; ils ont défié Dessalines et Christophe en instaurant les couleurs bleu-blanc-rouge. la couleur blanche est le petit carré subtile avec la légende...Oui, je vais me battre pour restaurer le noir et rouge... Ayibobo le Negus.

11:25 PM, September 3rd, 2012
Jan Bo Lawouzé
Bon travay rasi'n istorik kap fet. Félisitasyon.

11:32 AM, September 14th, 2012
Jan Bo Lawouzé
Bon travay rasi'n istorik kap fet. Félisitasyon.Map tou di mwen konen gen moun ki pa renmen pale de religyon,men nan vodou a.Dwapo nwa ak wouj la pa janm change.

11:37 AM, September 14th, 2012
Comments on this playlist have closed.