Skip to Main Content

Rendez-vous Haïtien
Sunday February 6th, 2022 with Jafrikayiti & Roger Adam
E si nou te koute Arnel Joseph depi 2019?

Nan emisyon sa a nou envite ou evite pyèj "dosye kouvri dosye" a, pou ou chita koute ki jan, depi 28 jiyè 2019 chèf kidnapè Arnel Joseph te ofri opòtinite pou nou konprann ki lès ki ap dirije rezo kidnapin nan an Ayiti. Èske si depi 2019 lajistis te fè travay li nan dosye sa a anpil viktim kidnapin pa ta vivan epi byen enganm jodi a? Petèt menm, Ayiti pa ta aladeriv nan eta sa a, kote peyi a san okenn dirijan lejitim alatèt li, lavèy 7 fevriye 2022. Li ta anpil. Men li ka pa twò ta. Tanpri, vin koute...
America
Skah Shah #1 - America New
Charlemagne Péralte
Kebert Bastien - Pwennfèpa New
Interactive CKCU