Skip to Main Content

Rendez-vous Haïtien
Sunday June 14th, 2020 with Jafrikayiti & Roger Adam
Sipremasi Blan An Ap Pran Kou

Nan Minneapolis, Etazini, 4 polisye blan fè kò sou yon Nèg, George Floyd, yo sasinen li. Toupatou, Dessalines leve kanpe l ap mande règleman. Nan emisyon sa a, animatè yo brase lide sou finalite pwobab soulèvman jeneral sa a ki tanmen kont sistèm sipremasi blan an. Èske se yon veritab revolisyon ki tanmen oudimwens se yon lòt espektak bri sapat? Ann Ayiti gen yon rapò odit sou Kòb Petwo Karibe a ki po ko janm ka pibliye. Ki sa k ap kuit ojis? Enjenyè son: Lanmoukaji Kebindayiti
Konze
Kebert Bastien - Merde New
Petrospective
K-Lib - Kot Lajan Petro Caribe a New
Interactive CKCU