Skip to Main Content

Rendez-vous Haïtien
Sunday May 3rd, 2020 with Jafrikayiti
Gade yon Salomon !

Mwa avril 2020 te difisil anpil pou Ayisyen toupatou. Men se pa premye fwa nou travèse move tan. Yon ti vwayaj nan tan lontan pèmèt nou founi je gade ansyen dipopo ki te abitye vini toumante lavi pèp Ayisyen an, tankou 15 bato zenglendo ki panike Pòtoprens yon jou 17 avril 1825. Tan fè tan kite tan, 26 avril 1963 ak 26 avril 1986 se 2 lòt jou malè nan listwa nou. Nou soti nan tan lontan, nou pase sou prezidans Lysius Félicité Salomon, yon nèg save ki fè anpil bèl reyalizasyon pou byennèt pèp Ayisyen an, jouk nou ateri nan aktyalite k ap brase bil Ayiti semèn sa a, tankou gwo akizasyon pedofil kadejakè kèk jounalis etranje lage sou do mouche Yves (Dadou) Jean Bart, Prezidan Federasyon Foubòl Ayisyen an. Tranzisyon yo fèt ak mizik plizyè gran atis ki tonbe anba COVID19. Yon emisyon ki pote mak fabrik enjenyè son Lanmoukaji Kebindayiti.
Pwofesi a
Wawa & Racine Kanga - Rasin Kanga New
Moaning
Tony Allen (featuring Jowee Omicil) - Festval son d'hiver New
I shot the sheriff
Bob Marley - Legend New
Ah! Freak Sans Fric
Manu Dibango - Home Made New
Interactive CKCU