Skip to Main Content

Rendez-vous Haïtien
Sunday October 14th, 2012 with Jafrikayiti & Roger Adam
1 Milyon DOLA pou KREYOL

Nan emisyon sa a Jafrikayiti ak Roger Adam resvewa: Michel Degraff - yon syantis Ayisyen ki fenk resevwa yon sibvansyon $1 MILYON nan men NSFpou rechech l ap fè ak Massachusset Institute of Technology (MIT)sou itilizasyon lang Kreyol nan inivèsite. Frantz Liautaud, Anbasadè Ayiti nan Kanada, ki reponn kesyon osijè bilan 6 mwa li nan dyob la, pèsepsyon li sou radyo kominotè yo nan Ottawa, patisipasyon anbasad la nan selebrasyon Mwa Kreyol la, tandiske Prezidan Martelly ap fete Francophonie Internationale ann Afrik, Pozisyon Anbasad la devan atik CBC ki deklare blan yo deja bay 52% lajan yo te pwomet Ayiti a epi gwo mayol la ta ale jwenn Leta Ayiti, yon dividal oganizasyon non-gouvènmantal ak sektè prive, deklarasyon espesyalis Biwo Min, Dieuseul Anglade komkwa gouvènman Martelly-Lamothe la revoke li paske li t ap eseye defann enterè Ayiti devan vorasite konpayi Kanadyen elatriye ki enplke nan zafè eksplorasyon, eksplwatasyon Min lo nan peyi a.
Fidel
Zenglen - Fidel New
Randevou Ayisyen
Michel Degraff - konvesasyon New
Randevou Ayisyen
Frantz Liautaud - konvesasyon New
Interactive CKCU
Hugues
dISKISYON SOU AFE MIN-YO avek anbasade-ya gen relasyon direk ak travay Degraff-la. Li ta bon si nou genyen tout kalite teknisyen disponib nan 20-25 kan le kontra-yo ap renegosye. Yon fason pou asire sa fet se foure Gifted Education (La Douance) nan faz STIM ke Degraff ap soutni-ya.

11:50 PM, October 14th, 2012
Comments on this playlist have closed.