Skip to Main Content

Rendez-vous Haïtien
Sunday April 17th, 2022 with Jafrikayiti
Kote moun yo?

Nan sezon sa a, Ayiti pèdi anpil bon pitit, anndan peyi a tankou aletranje. Doktè Jean René Barbier ki te viv nan kominote Ottawa ak Montréal, travèse ale jwenn zansèt yo 13 Avril 2022. Li kite bon tras. Bon travèse Konpatriyòt Jean-René Barbier! Nan emisyon sa a, nou itilize retwovizè listwa pou n koute Gran Chèf Nasyon Algonken Léo Setuth ki te louvri de bra pou li akeyi pitit Ayiti sou teritwa blan yo rele Kanada a - se te yon jou 18 Novanm 2012. Konsa tou, nou bese zòrèy pou nou koute yon konvèsasyon ak Frantz Liautaud, ansyen Anbasadè Ayiti nan vil Ottawa, pandan plizyè milye frè ak sè nou yo t ap kouri pou move lavi rejim sanginè PHTK, blan Kanada ak Etazini te jouke opouvwa ilegalman an Ayiti. Epi, vwalatilpa, refifye rejim malfèktè PHTK sa a vin chwe nan Stad Olenpik vil Montreal. Se te nan mwa Out 2017. Vin koute...
kote moun yo
Bonga - Vodou drums of Haiti New
Interactive CKCU