Skip to Main Content

Rendez-vous Haïtien
Sunday December 2nd, 2018 with Jafrikayiti
Se yon zak lanmou

Nan emisyon sa a animatè a wete chapo pou salye Frantz André, Jennie-Laure Sully ak yon dividal konpatriyòt k ap ede Ayisyen ki vin pran refij nan Kanada konbat estrateji depòtasyon gouvènman Kanadyen an adopte, malgre latwoublay yomenm ankò lakòz nan peyi refijye yo: Ayiti. Koute yon tèks chaje ak emosyon etidyan Lise Petyon yo ekri pou kondisip yo Stanley Noel, bandi asosye ak gouvènman kriminèl la te sasinen nan mwa novanm nan. Koute tèks Baby-John Petrochallenger pibliye anvan li ale nan manifestasyon 18 novanm 2018 yo. Koute vwa lespwa ki revòlte kont malsite, Ayiti, Lafrans, Kanada... Mizik: Skandal, Keb, Manno
fè sa ki byen
Skandal - nouvelle génération New
Pou kòb lekòl
Keb - Ecole Nord-Male New
Jean Paul II
Keb - Ecole Nord-Male New
Mon frère
Manno Charlemagne - Lafimen New
Interactive CKCU