Skip to Main Content

Rendez-vous Haïtien
Sunday December 7th, 2014 with Jafrikayiti
Ann fe konesans ak Serge Cham

Nan emisyon sa a Jafrikayiti chita pale ak ekriven, pwofesè Serge Cham. Koute, nou garanti ou, ou pa p regrèt. Chita pale sa a, se premye nan yon seri Randevou Ayisyen pral fè ak otè "à l'école de mes élèves", "la petite louve bléssée", "Chronique de l'espoir", elatriye...
Nou pa moun
Beethova Obas - Si New
mesi lavi
Emeline Michel - Mesi lavi New
Interactive CKCU
Jean Saint-Vil (host)
Mwen ta kontan tande reyalsyon ou sou emisyon sa a. Pa neglije pataje li ak fanmi zanmi ou panse ki ka enterese nan sije a. Jaf

8:18 PM, December 7th, 2014
Yon ansyen animatèz radio..si yo ka di'l konsa!!!
Mwen pa ka ret tann pou pati 2 a!Kom yo konn di, pwomès se dèt! Se youn nan pi bon antrevi mwen te reyalize lè mwen te resevwa Sèj Cham pou Bouyon Rasin lè piblikasyon liv "La petite louve blessée" a. Mwen wè ou son bon chimen... Misye se yon rezèvwa sajès ak bonte mele ak yon jenerozite san paray lè lap pataje lide'l ak konesans li. Mwen swete auditè yo gen chans tande misye anko. Nou bezwen mèsaj pozitif sa yo, pakou yon nonm kapab inspire yon lot. Kenbe la!

2:46 PM, December 9th, 2014
Jean Saint-Vil (host)
Mèsi pou ankourajman an zanmi "animatèz". Nou deja kase randevou ak Serge Cham dimanch 21 desanm. Tout bon vre konpatriyot la se yon ja konesans, sajès ak jenewozite. Nan pati 2 a nou pral pale osijè "la petite louve blessée" epi travay Serge kòm sikopedagòg.

10:11 PM, December 9th, 2014
Comments on this playlist have closed.